Mwen ta renmen nou fè yon ti reflechi e mande tet nou pou ki rezon peyi nou nan eta sa a. Nou se moun tankou tout pèp sou latè. Nou ka chita ansanm pou nou pale e deside ki sa nou vle… Men kisa ki anpeche nou fè dyalòg, youn pale ak lot pou nou byen konnen ki sa nou vle pou peyi nou an? Jodi a mwen pa gen entansyon bay pèsonn moun leson. Nan kalfou peyi a ye, yon fason kou yon lòt, nou chak responsab. Nou oblije antann nou, fè meyakoulpa pou nou vanse. Nou tout se AYISYEN. Nou dwe aksepte ak imilite ke chak grenn Ayisyen gen kontribisyon pa yo yo ka pote nan chache solisyon pou pwoblèm nou yo. Okenn moun, okenn sektè pa ka pretann li ka rezoud pou kont li chay pwoblèm peyi Dayiti ap pote sou do l yo depi lontan. Nou pa bezwen dakò sou tout bagay. Men nou ka antann nou sou kek gwo priyorite pou peyi a. Tankou : a) tout timoun dwe ale lekòl ! b) fòk jèn nou yo ki fini lekòl klasik yo ka jwen bon jan fòmasyon nan nivo pwofesyonèl ak inivesitè; c) tout manman dwe jwenn swen pou yo menm ak pitit yo; d) fòk pwoteksyon sosyal blayi pou klas ki pi defavorize yo; e) fòk gen plis travay ki kreye nan peyi a. f) Kidonk nou dwe garanti sekirite ak estabilite politik pou moun ki gen kob ka envestí nan peyi a pou kreye job ak richess. g) Leta dwe sispann konte sou èd lòt peyi chak fwa ke syklon ak gwo lapli pote inondasyon nan yon zòn; h) fòk tout timoun, tout granmoun ka jwen la swenyay san yo pa blije al plane ti kras byen yo reyisi genyen depi maladi frape yo. i) Fok nou kreye yo demen chaje avek lespwa pou jen, pou yo sispan riske lavi yo nan lanme ak nan frontye lot peyi pou yo ale chache yon lavi miyo. Eske gen yon pati politik, genn yon kandida ki pa dakò ak priyorite sa yo? Pou ki rezon nou pa ka antann nou sou yo? Ki diferans sa fè si se yon lòt prezidan ki pèmèt desantralizasyon fèt tout bon vre, depi moun kap viv nan vil pwovens yo ak nan kominote riral yo jwenn sèvis ke leta dwe yo e ki pa janm egziste depwi 213 lane ? Pèp ayisyen, Se pa nan eleksyon nou te votem pou Prezidan ki fe mwe nan Palè nasyonal, kom Prezidan. Kidonk mwen pat fè nou okenn pwomès kanpay. Se Palman an ki te sèvi ak Konstitisyon an, manman lwa peyi a, pou jwenn yon solisyon ki te pèmèt peyi a evite gwo latwoublay sosyal ak politik. Palmante yo te banm yon sel misyon. Fe eleksyon pou nou kaba ak kriz ak enstabilite ki se de gwo kanse ki anpeche peyi a fe pwogre. Mwen te angagem poum ranpli misyon sa ak tout kè m, ak tout detèminasyon m. Rèv mwen pou Ayiti cheri, se menm rèv sa ki nan kè tout Ayisyen pou peyi yo : - Wè Ayiti tankou tout peyi sou latè k ap vanse, k ap pwospere nan byennèt tout moun; - Gen enstitisyon djanm ki ka ede nou konstwi yon peyi stab nan pwogrè ak devlopman. Haïtiens, Haïtiennes, Différentes personnalités et organisations de la communauté internationale, à titre de vœux pour cette nouvelle année 2017 et pour la célébration des 213 ans de notre indépendance, nous ont adressé messages de félicitations. Nous retenons que tous ils ont tourné autour de la nécessité pour nous haïtiens et haïtiennes de trouver a travers le pardon, l’unité, la réconciliation et le dialogue, la réponse aux maux qui freinent le développement de notre pays. Ces exhortations sont clairement exprimées tant dans la note publique de la Représentante Spéciale du Secrétaire Général des Nations Unies Madame Sandra Honore qu’a travers l’homélie prononcé, par Monseigneur Yves Marie Péan à l’ occasion du Te Deum spécial tenu a la Cathédrale du Souvenir dans la Ville des Gonaïves. Mes très chers Compatriotes Fonctionnaires de carrière,